Géopolitique
Depatman lagè peyi etazini kontinye ranfòse prezans militè li nan Mwayen-Oryan.
Etazini kontinye ranfòse prezans militè li nan rejyon Mwayen Oryan an, nan yon kontèks tansyon k ap monte ant etazini, israyèl ak Iran. Daprè plizyè sous, kat avyon transpò estratejik C-17A Lame delè Amerikèn lan kite baz RAF Lakenheath nan Wayòm-Ini ansanm ak Diego Garcia, pou yo ale nan baz ayeryen Muwaffaq Salti, nan peyi Jòdani.
An menm tan, yon eskwadwon avyon degè F-15 Lame delè Amerikèn lan, ak sipò avyon ravitayè KC-135, ta deja deplwaye soti nan Wayòm-Ini pou ale nan Mwayen-Oryan an. Mouvman militè sa yo fèt pandan administrasyon prezidan ameriken Donald J Trump ap ogmante kapasite defans li nan rejyon an, nan yon anviwònman jeopolitik ki rete sansib ak ensèten.
Renforcement militaire américain au Moyen-OrientDéploiement d’avions et de chasseurs face aux tensions avec l’Iran.
Les États-Unis renforcent leur dispositif militaire au Moyen-Orient dans un contexte de fortes tensions avec l’Iran. Selon plusieurs sources concordantes, au moins quatre avions de transport stratégique C-17A de l’US Air Force ont quitté la base britannique de RAF Lakenheath ainsi que Diego Garcia pour rejoindre la base aérienne de Muwaffaq Salti, en Jordanie.
Parallèlement, un escadron de chasseurs F-15 de l’US Air Force, soutenu par des avions ravitailleurs KC-135, aurait été déployé depuis le Royaume-Uni vers le Moyen-Orient. Ces mouvements militaires interviennent alors que l’administration du président américain Donald Trump intensifie sa présence dans la région, alimentant les spéculations sur une possible escalade militaire face à l’Iran.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, konvoke Konsèy sekirite fransè a.
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, konvoke Konsèy sekirite fransè a pou egzaminen plizyè dosye tansyon k ap devlope sou sèn entènasyonal la. Reyinyon sa ap òganize nan yon kontèks kote plizyè kriz ap devlope sou sèn jeopolitik la.
Daprè Palè Elize a, diskisyon yo ap konsantre sitou sou sitiyasyon k ap devlope nan Groenland, Iran ak Lasiri. Otorite fransè yo vle analize risk sekirite yo, evalye pozisyon Lafrans, epi adapte estrateji diplomatik ak militè peyi a fas ak evolisyon sitiyasyon yo.
Emmanuel Macron convoque le Conseil de sécurité français.
Le président français Emmanuel Macron a convoqué le Conseil de sécurité national afin d’examiner les principaux foyers de tension sur la scène internationale.
Selon une source de l’Élysée, cette réunion est consacrée notamment à la situation au Groenland, aux évolutions en Iran ainsi qu’au contexte sécuritaire en Syrie, dans un climat géopolitique marqué par de fortes incertitudes.
Almay ap pare pou deplwaye, pou premye fwa, pèsonèl militè li nan Groenland, daprè jounal BILD.
Almay ap prepare pou deplwaye, pou premye fwa, pèsonèl militè li nan Groenland, daprè enfòmasyon jounal BILD pibliye. Desizyon sa a arive pran nan yon kontèks kote prezidan ameriken an, Donald J Trump te anonse aneksyon Groenland ak Etazini d Amerik, pou rezon sekirite ak estrateji nan rejyon Aktik la.
Daprè jounal la, premye deplwaman an ta dwe limite ak yon ti inite avangad Bundeswehr, ki pral gen pou misyon evalye sitiyasyon an sou teren an epi prepare kondisyon operasyonèl yo. E yo pa ekate posibilite pou fè lòt deplwaman, selon evolisyon sitiyasyon jeopolitik ak bezwen sekirite yo nan zòn lan.
L’Allemagne se prépare à déployer pour la première fois du personnel militaire au Groenland, selon le quotidien BILD.
L’Allemagne s’apprête à déployer pour la première fois du personnel militaire au Groenland dès cette semaine, selon des informations rapportées par le quotidien BILD, dans un contexte de recomposition stratégique en Arctique.
D’après le journal, ce déploiement initial devrait se limiter à une unité d’avant-garde de la Bundeswehr, chargée d’évaluer le terrain et de préparer les conditions opérationnelles, tandis que des renforts pourraient être envisagés ultérieurement en fonction des impératifs sécuritaires et géopolitiques dans la région.
Yon posib atak kont kèk sib nan Iran
Daprè Reuters, Etazini ap etidye posiblite pou lanse yon atak kont Iran nan pwochen 24 èdtan yo, nan yon kontèks tansyon k ap monte pi plis chak jou ant " Washington " ak " Téhéran ".Daprè New York Times, otorite ameriken yo deja deplwaye twa (3) " destroyers " ame ak misil nan rejyon an, pami yo genyen USS Roosevelt, ki te antre nan lanmè Wouj la kèk jou avan, sa ki ranfòse prezans militè Etazini nan zòn lan.Daily Mail bò kote pa l rapòte ke yon gwoup ki baze Ozetazini te remèt Mezon Blanch lan yon dosye ki gen yon lis 50 sib iranyen, yon enfòmasyon ki jiskaprezan pa konfime ofisyèlman bò kote administrasyon ameriken an.
Une possible attaque contre Iran
Selon Reuters, les États-Unis envisageraient une attaque contre l’Iran dans les prochaines 24 heures, dans un contexte de tensions accrues entre Washington et Téheran.D’après le New York Times, les autorités américaines ont déployé trois destroyers équipés de missiles dans la région, dont l’USS Roosevelt, entré en mer Rouge il y a quelques jours, renforçant ainsi le dispositif militaire américain au Moyen-Orient.
Par ailleurs, le Daily Mail rapporte qu’un groupe basé aux États-Unis a remis à la Maison-Blanche un dossier comprenant une liste de 50 cibles iraniennes, information qui n’a pas été confirmée officiellement par l’administration américaine.
Yon F-16 desann an Ikrèn, selon yon responsab militè Ris.
Yon F-16 desann an Ikrèn, selon yon responsab militè Ris.Yon responsab militè nan peyi Larisi fè konnen, yon avyon F-16, fabrikasyon amerikèn desann pa yon sistèm defans ayeryen S-300.
Nan yon entèvyou sou chèn Russia 1, kòmandan an, yo idantifye li ak non operasyonèl « Sever », deklare batri defans ayeryen li a te tire de (2)misil sou avyon an, premye a domaje aparèy la, epi dezyèm lan kraze li.
Un F-16 abattu en Ukraine, selon un responsable militaire russe
Un F-16 abattu en Ukraine, selon un responsable militaire russe
Un responsable militaire russe a affirmé qu’un avion de chasse F-16 de fabrication américaine, utilisé par l’Ukraine, aurait été abattu par un système de défense aérienne S-300.
Dans une interview diffusée dimanche sur la chaîne Russia 1, le commandant, identifié par l’indicatif « Sever », a déclaré que sa batterie de défense aérienne avait tiré deux missiles sur l’appareil : le premier l’aurait endommagé, tandis que le second aurait provoqué sa destruction.
Selon ses propos, l’opération aurait nécessité une longue préparation. Aucune date précise ni localisation exacte de l’incident n’ont été communiquées. Les autorités ukrainiennes n’ont pas, à ce stade, confirmé ces affirmations.
Minis zafè etranjè repiblik islamik la soti nan silans li
Minis zafè etranje repiblik Islamik Iran an, Abbas Araghtchi soti nan silans li, deklare : « Plis pase de (2) ane jenosid nan Gaza, ki lakòz lanmò anviwon 70 000 Palestinyen, sa pa t pouse Palman Ewopeyen an pran mezi reyèl kont Izrayèl.
Poutan, Benyamin Netanyahou, ki anba manda arestasyon pou krim lagè devan Tribinal Penal Entènasyonal la, ap vole san pwoblèm nan espas ayeryen Ewòp la.
An revanj, se sèlman kèk jou revòlt vyolan nan Iran ki sifi pou Palman Ewopeyen an entèdi fizikman diplomat nou yo antre sou teritwa li.Pèp yo pa sòt. Yo wè ak pwòp je yo sa k ap pase. Iran pa chèche ostilite ak Inyon Ewopeyen an, men li pral aplike mezi retòsyon si gen restriksyon kont li. »
Le ministre des affaires étrangères de la république Islamique d'Iran brise le silence.
Le ministre des affaires étrangères de la république Islamique d'Iran, Abbas Araghtchi déclare : « Plus de deux années de génocide à Gaza, qui ont coûté la vie à environ 70 000 Palestiniens, n’ont pas poussé le Parlement européen à prendre de véritables mesures contre Israël. Dans le même temps, Benyamin Netanyahou, visé par un mandat d’arrêt pour crimes de guerre de la Cour pénale internationale, survole librement l’espace aérien européen.
En revanche, quelques jours seulement d’émeutes violentes en Iran ont suffi pour que le Parlement européen interdise physiquement l’entrée de nos diplomates sur son territoire.
Les peuples ne sont pas dupes. Ils voient de leurs propres yeux ce qui se passe. L’Iran ne cherche pas l’hostilité de l’Union européenne, mais appliquera des mesures de rétorsion en cas de restriction. »
Prezidan Repiblik islamik Iran an, Massoud Pezeshkian, te patisipe nan yon gwo mobilizasyon
Maten lendi 12 janvye 2026 la, Prezidan iranyen an, Masoud Pezeshkian, te patisipe nan yon gwo mobilizazyon ki t ap òganize nan plizyè gwo vil nan peyi Iran, kote li t ap mache pami plizyè milye manifestan ki te mobilize pou sipòte Repiblik Islamik la.
Prezans chèf deta a nan manifestasyon an vini kèk èdtan aprè gwo rasanbleman popilè kote manifestan yo te eksprime atachman yo ak enstitisyon peyi a, pandan yo t ap brandi drapo nasyonal la, epi chante an favè pouvwa a. Daprè otorite yo, mobilizasyon sa yo te fèt pou montre inite nasyonal fas ak tansyon politik ak mouvman pwotestasyon ki te fèt nan jou pase yo.

