Faits divers
LIBÈTE LAPRÈS : ANT DWA FONDAMANTAL AK RESPONSABLITE DEMOKRATIK
Libète laprès se youn nan poto mitan ki soutni nenpòt sosyete demokratik. Li pèmèt jounalis yo enfòme, mennen ankèt, epi revele verite ki gen enpòtans piblik san yo pa pè entèdiksyon oswa represyon. San laprès ki lib, laveritea vin frajilize, enfòmasyon tounen zouti kontwòl, epi sitwayen yo pèdi kapasite pou siveye aksyon sila yo ki gen pouvwa.
Nan peyi Ayiti Konstitisyon an garanti libète lapawòl ak libète laprès, nan nivo entènasyonal, atik 19 nan deklarasyon inivèsèl dwa moun lan pwoteje libète opinyon ak libète pou w pale, enfòme, analize sa ke w konnen.
YON GARANTI KONT ABI POUVWA
Laprès jwe yon wòl esansyèl nan fonksyònman yon Leta demokratik. Li poze kesyon sou desizyon piblik yo, li denonse enjistis, epi li bay vizibilite sou reyalite yo souvan inyore yo. Lè laprès rete endepandan, li sèvi kòm yon zouti pou limite abi pouvwa epi li pwoteje dwa pèp la pou resevwa enfòmasyon ak tout libète, divèsifye ak onèt.
YON LIBÈTE KI SOUVAN ANBA MENAS
Nan anpil rejyon atravè mond lan, jounalis yo toujou ap fè fas ak menas, entimidasyon, arestasyon ilegal, epi pafwa vyolans fizik. Presyon politik, ekonomik oswa kriminèl souvan chèche anpeche travay laprès endepandan. Lè jounalis yo ap viv nan laperèz, se tout sosyete a ki riske plonje nan silans ak retansyon enfòmasyon.
YON RESPONSABLITE ANVÈ VERITE
Libète laprès mache ansanm ak responsablite pwofesyonèl. Enfòme mande anpil rigè, etik ak respè pou verite. Yon laprès ki lib dwe konbat manipilasyon, fo nouvèl ak diskou ki ka menase solidarite nan mitan sosyete a.
Ann di non, e renonse ak difamasyon, epi bay laverite plas pou chita.
Redaksyon : Kenny Paul
13 février 1633 : Galilée face à l’Inquisition.
Le 13 février 1633, le savant italien Galilée fut officiellement convoqué à Rome par l’Inquisition pour répondre de ses travaux en faveur du système héliocentrique, selon lequel la Terre tourne autour du Soleil. Ses écrits et observations remettaient en cause la vision géocentrique défendue par l’Église depuis des siècles.
Galilée, âgé de près de 70 ans, entreprit un long voyage jusqu’à Rome pour se défendre. Ses détracteurs l’accusaient de désobéir aux interdictions formulées en 1616, qui lui avaient demandé de ne plus enseigner ni soutenir publiquement les idées de Copernic. La publication de son Dialogue sur les deux grands systèmes du monde relança la controverse.
Son procès fut l’un des plus célèbres de l’histoire des sciences. Malgré ses efforts pour démontrer qu’il n’avait pas violé les ordres de l’Église, Galilée fut condamné quelques mois plus tard pour « soupçon grave d’hérésie ». Il fut contraint d’abjurer et passa le reste de sa vie en résidence surveillée.
Le 13 février 1633 marque ainsi le début d’un affrontement décisif entre science et dogme religieux, un épisode qui symbolise la lutte pour la liberté intellectuelle à l’époque moderne.
Le président iranien, Masoud Pezeshkian, a été aperçu au cœur d'une manifestation.
Le lundi 12 janvier 2026, le président iranien Masoud Pezeshkian a été aperçu dans les rues de plusieurs grandes villes d’Iran, marchant au milieu de milliers de manifestants favorables à la République islamique, à l’occasion des mobilisations populaires organisées en soutien au régime.
Cette présence présidentielle intervient quelques heures après de vastes rassemblements au cours desquels les participants ont exprimé leur attachement aux institutions du pays, brandissant drapeaux nationaux et scandant des slogans en faveur du pouvoir en place. Selon des sources officielles, ces manifestations visaient à réaffirmer l’unité nationale face aux tensions politiques et aux récentes mobilisations de contestation.
En se mêlant directement à la foule, Masoud Pezeshkian a voulu marquer un geste symbolique de proximité avec la population, dans un contexte politique sensible, alors que les autorités iraniennes cherchent à démontrer l’existence d’un large soutien populaire à la République islamique et à ses dirigeants.
Ayatollah Ali Khamenei soti nan silans li apre mobilizasyon popilè a
Maten lendi 12 janvye 2026 la, Gid Siprèm Iranyen an, Ayatollah Ali Khamenei, te pran lapawòl pou premye fwa aprè gwo mobilizasyon popilè ki te fèt nan plizyè vil peyi Iran.
Nan deklarasyon li a, li te salye patisipasyon masiv popilasyon an, li deklare :
« Gran nasyon Iranyen an ! Jodi a nou reyalize yon gwo siksè, se yon jou istorik. Rasanbleman masif ak detèminasyon sa yo pou kontrekare plan lènmi etranje yo, yon plan ki t ap maniganse pa mèsenè entèn yo. »
Deklarasyon sa a vini kòm yon jès rekonesans anvè solidarite popilasyon an, kèk èdtan aprè plizyè milye sitwayen iranyen te pran lari pou manifeste sipò yo bay rejim iranyen an, nan yon kontèks politik ki make pa tansyon ak mouvman pwotestasyon.
Gwo mobilizasyon sipòte Gid Siprèm lan nan peyi Iran
Lendi 12 janvye 2026 la, byen bonè nan maten, plizyè milye sitwayen iranyen te rasanble epi anvayi lari a nan plizyè gwo vil nan peyi Iran, nan kad yon gwo mobilizasyon pou pote sipò yo bay Ayatollah Ali Khamenei, Gid Siprèm Repiblik Islamik Iran an.
Mobilizasyon sa a vini kòm yon reyaksyon dirèk fas ak manifestasyon ki te òganize nan jou pase yo kont rejim anplas la. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, patisipan yo te mache ak pankat, drapo nasyonal, epi yo t ap chante e voye yon ansanm slogan ki montre fidelite yo anvè Gid Siprèm lan ak sistèm politik peyi a.
Otorite iranyen yo prezante mobilizasyon sa a kòm yon prèv solidarite popilè ak lidèchip Ayatollah Khamenei, pandan y ap mete aksan sou sa yo konsidere kòm estabilite ak inite nasyonal la.

