GONAÏBO AGENCE PRESSE

GONAÏBO AGENCE PRESSE

Menu

Immigration

14 Jan 2026

Ribrik katografi : Dekouvri Pòtoriko, demografi.

Popilasyon Pòtoriko a estime ak anviwon 3,2 milyon moun, ak yon gwo konsantrasyon nan zòn iben ak kotyè yo, sitou nan rejyon metwopolitèn San Juan. Dansite popilasyon an vrèman wo konpare ak plizyè lòt teritwa nan Karayib la, ak plizyè sant iben ki jwe yon wòl ekonomik ak administratif enpòtan.

Estrikti demografik teritwa a make pa yon popilasyon k ap fin granmoun, ak yon laj medyàn ki pwòch 46 lane. Fenomèn sa a asosye ak yon to nesans ki trè ba, ak yon diminisyon pwogresif nan kantite abitan depi plizyè ane.

Migrasyon gen yon enpak dirèk sou dinamik demografik Pòtoriko a. Plis pase 5 milyon Pòtoriken ap viv aletranje, sitou Ozetazini, pandan popilasyon imigran k ap viv sou teritwa a estime ak anviwon 5 % nan popilasyon total la, majorite a soti nan Karayib la ak Amerik Latin.

14 Jan 2026

Rubrique Cartographie : Découvrir Porto Rico, démographie.

La population de Porto Rico est estimée à environ 3,2 millions d’habitants. La majorité de la population vit dans les zones urbaines et côtières, notamment dans l’aire métropolitaine de San Juan, où se concentre une part importante de l’activité économique et administrative.

La structure démographique du territoire est marquée par un vieillissement de la population, avec un âge médian avoisinant 46 ans. Cette évolution s’explique par un faible taux de natalité et par une diminution progressive du nombre de résidents au cours de la dernière décennie.

Les mouvements migratoires jouent un rôle déterminant dans cette dynamique. Plus de 5 millions de Portoricains résident hors du territoire, principalement aux États-Unis continentaux, tandis que Porto Rico accueille une population immigrée estimée à environ 5 % de la population totale, issue en grande partie des Caraïbes et d’Amérique latine.

14 Jan 2026

Ribrik Katografi : dekouvri pòtoriko, lang.

Pòtoriko itilize prensipalman lang panyòl ak anglè nan lavi piblik ak administratif. Panyòl la se lang ki plis pale nan mitan popilasyon an, tandiske anglè a  itilize plis nan enstitisyon yo, nan edikasyon, ak entèraksyon ak otorite federal yo.

Toulede lang yo jwe yon wòl enpòtan nan fonksyònman sèvis piblik yo, medya yo, ak sistèm edikasyon an. Sitiyasyon lengwistik sa a reflete istwa politik teritwa a ak estati enstitisyonèl inik li.

Nan lavi chak jou, panyòl domine echanj sosyal ak kiltirèl yo, tandiske anglè a rete kòm prensipal lang yo itilize nan kontèks ofisyèl ak pwofesyonèl, patikilyèman nan sektè ki gen rapò ak administrasyon.

14 Jan 2026

Rubrique Cartographie : Decouvrir Porto Rico, Langues

Porto Rico utilise principalement l’espagnol et l’anglais dans la vie publique et administrative. L’espagnol est la langue la plus parlée par la population, tandis que l’anglais est largement employé dans les institutions, l’éducation et les relations avec les autorités fédérales.

Les deux langues occupent une place centrale dans le fonctionnement des services publics, des médias et du système éducatif. Cette situation linguistique reflète l’histoire politique et le statut institutionnel particulier du territoire.

Dans la vie quotidienne, l’espagnol domine les échanges sociaux et culturels, alors que l’anglais reste surtout présent dans les contextes officiels et professionnels, notamment dans les secteurs liés à l’administration et à l’économie.

14 Jan 2026

Ribrik Katografi : Dekouvri Pòtoriko, Jeografi.

Daprè done jewografik ofisyèl yo, Pòtoriko sitiye nan nòdès lanmè Karayib la, ant Repiblik Dominikèn ak Zile Vyèj Ameriken yo. Teritwa a posede yon zile prensipal ki antoure ak plizyè zile, ak yon peyizaj ki karakterize pa yon chèn mòn, plèn kotyè, ak yon rezo rivyè ak kouran dlo limite. Klima a se twopikal, karakterize pa tanperati ki wo pandan tout ane a ak yon sezon lapli ki enfliyanse pa siklòn Atlantik yo.

14 Jan 2026

Rubrique Cartographie : Porto Rico, géographie.

Porto Rico est situé dans le nord-est de la mer des Caraïbes, entre la République dominicaine et les îles Vierges américaines, d’après les données géographiques officielles. Le territoire se compose d’une île principale entourée de plusieurs îlots, avec un relief marqué par une chaîne montagneuse centrale, des plaines côtières et un réseau hydrographique court. Le climat est de type tropical, caractérisé par des températures élevées toute l’année et une saison des pluies influencée par les systèmes cycloniques de l’Atlantique.

14 Jan 2026

Ribrik Katografi : dekouvri pòtoriko, sipèfisi

Pòtoriko gen yon sipèfisi total ki estime ak anviwon 9 104 kilomèt kare, daprè done ofisyèl otorite konpetan yo, ak rapò estatistik federal ameriken yo. Teritwa a gen ladan yon zile prensipal ansanm ak plizyè ti zile ak fzilo, pami yo : Vieques ak Culebra.

Majorite sipèfisi Pòtoriko a se tè, ak yon pati limite ki kouvri pa zòn dlo enteryè. Relyèf la make pa prezans mòn nan sant zile a, plenn kotyè yo ak yon rezo rivyè kout, daprè dokiman katografik ak rapò anviwònman ofisyèl yo.

Konpare ak lòt teritwa Karayib yo, Pòtoriko klase pami zile ki gen yon sipèfisi mwayen. Done ofisyèl yo montre ke dimansyon teritwa a enfliyanse òganizasyon administratif, devlopman iben ak itilizasyon tè a, sitou nan zòn kotyè yo kote popilasyon an plis konsantre.

14 Jan 2026

Rubrique Cartographie : decouvrir le porto rico superficie

Porto Rico possède une superficie totale estimée à environ 9 104 kilomètres carrés, d’après les données officielles du gouvernement territorial et les rapports statistiques fédéraux des États-Unis. Le territoire comprend une île principale ainsi que plusieurs îles et îlots, dont Vieques et Culebra.

La majeure partie de la superficie de Porto Rico est constituée de terres, avec une part limitée de zones d’eaux intérieures. Le relief est marqué par une chaîne montagneuse centrale, des plaines côtières et un réseau de rivières de courte longueur, d’après les documents cartographiques et les rapports environnementaux officiels.

Comparé aux autres territoires de la Caraïbe, Porto Rico se classe parmi les îles de superficie moyenne. Les données officielles indiquent que l’étendue du territoire influence l’organisation administrative, le développement urbain et l’utilisation des sols, notamment dans les zones côtières où la population est davantage concentrée.

14 Jan 2026

Dekouvri istwa pòtoriko

Pòtoriko se yon zile nan Karayib la kote prezans moun yo remonte depi plizyè syèk avan arive Ewopeyen yo. Daprè dokiman istorik ofisyèl, pèp Taíno yo te premye abitan teritwa a, ak yon òganizasyon sosyal ki te baze sou agrikilti, lapèch ak echanj rejyonal.

Nan lane 1493, zile a pase anba dominasyon panyòl aprè arive Christophe Colomb. Kolonizasyon an te lakòz gwo chanjman nan estrikti sosyal ak ekonomik teritwa a, ak enplantasyon administrasyon kolonyal, esklavaj ak eksplwatasyon resous, daprè achiv istorik ak rapò ofisyèl yo.

Nan lane 1898, aprè lagè ant Espay ak Etazini, Pòtoriko te vin sou kontwòl administrasyon ameriken. Daprè dokiman gouvènman Etazini ak otorite Pòtoriken yo, zile a gen estati teritwa ameriken men ki pa enkòpore, yon kad politik ki kontinye enfliyanse fonksyònman enstitisyon ak lavi sosyal teritwa a.

14 Jan 2026

Decouverte de Porto rico

Porto Rico est une île des Caraïbes où la présence humaine remonte à plusieurs siècles avant l'arrivée des Européens. Selon les documents historiques officiels, les Taïnos furent les premiers habitants du territoire, leur organisation sociale reposant sur l'agriculture, la pêche et le commerce régional.

En 1493, l'île passa sous domination espagnole après l'arrivée de Christophe Colomb. La colonisation entraîna des changements majeurs dans la structure sociale et économique du territoire, avec l'instauration d'une administration coloniale, l'esclavage et l'exploitation des ressources, comme en témoignent les archives historiques et les rapports officiels.

En 1898, après la guerre hispano-américaine, Porto Rico passa sous administration américaine. D'après les documents du gouvernement américain et des autorités portoricaines, l'île a le statut de territoire américain non incorporé, un cadre politique qui continue d'influencer le fonctionnement de ses institutions et sa vie sociale.

X